top of page

PRESKOLÈ/ PREMYE SIK

LEKTI

  •  Kite yon tan chak jou pou timoun yo panche sou lekti .

  • Asire nou timoun yo li  chak jou. Pou jaden danfan  ak premye sik, li pou timoun yo   epi kite yo gade foto. Kèlkilanswa liv la depi li gen imaj .

 

LECTURE

  • Prévoir temps et espace pour une  lecture quotidienne. Ce temps là est indispensable.

  • S’assurer que l’enfant lise chaque jour. Vous lirez d’abord le texte. Il/elle  écoutera. Il faut lui  laisser  le temps de regarder les images.  Choisissez une histoire courte et simple.

MATEMATIK

  • Sèvi ak sa nou konnen, sa nou genyen nan kay la  pou timoun yo konte  jiska 50.

  • Kite timoun yo ranje kouvè. Se yon aktivite ki pèmèt timoun  yo konte e etabli  korespondans  matematik:  Yon kiyè, yon fouchèt, yon gode ak yon asyèt  pou chak moun nan kay la, Jak, Mama, eksetera

  • Aktivite klasman bon pou menm nivo sa yo: ; Lè nou fin lave, tout riban klase selon koulè yo,  barèt ak chosèt tou.

  • Klasman selon gwosè : gwo, mwayen, piti pou tas ak gode se yon bon egzèsis matematik. Plis posib, kite timoun yo fe aktivite a tankou yon jwèt.

  •  Mande timoun yo:

  • Kisa ou wè nan kay la ki gen fòm yon kare, sa vle di yon fòm ki gen 4 bò ki menm longè? ,. Ou ka fè sa pou rektang ( 2 bò ki an fas yo menm longè) , triyang 

  • ( yon fòm ki gen 3 bò ki kontre). Ou ka mande yo kouche atè  pou yo fè  fòm yo ak kò yo. Ou  ka mande yo trase fòm yo tou ak dwèt yo anlè.

 

MATHEMATIQUES

  • Servez- vous de ce que vous avez, des choses qui vous entourent à la maison pour que les petits apprennent à compter jusqu’a 50.

  • Demander aux petits de mettre le couvert. C’est une activité qui  permet de  compter et d’établir les correspondances mathématiques. Une cuillère, une fourchette, un gobelet et une assiette  pour chaque membre de la famille: Jacques, Mama, etc. 

  • Les activités de classement conviennent également pour ces mêmes niveaux: Après le  lavage, faire classer chaussettes, rubans,  barrettes ou autres selon couleur et dimension. . Ces exercices mathématiques  peuvent  autant que possible, prendre l’allure d’un jeu.

  •  Demander par exemple aux enfants:

  • Qu’est ce qui autour de toi à la maison a la forme d’un carré, d’un rectangle, d’un triangle  ou d’un losange?  Demander aux enfants  de se coucher par terre et de réaliser  ces formes avec leurs corps. Ils/ elles peuvent aussi tracer les formes avec leurs doigts dans l’air.

  • w-facebook
  • Instagram Social Icon
bottom of page